Dènye mizajou : 20 oktòb 2026
Sof si yo di lòt bagay, kontni Haiti Stats pwodui (grafik, analiz, estimasyon, konpilasyon ak tradiksyon) pibliye anba lisans Creative Commons Attribution 4.0 International (CC BY 4.0). Ou ka kopye yo, pataje yo epi adapte yo, menm pou fè komès, depi ou site Haiti Stats ak sous orijinal la. Egzanp :
Sous : Haiti Stats (haitistat.info), dapre done BRH.
Seri yo soti nan lòt enstitisyon (BRH, IHSI, NASA, NOAA, USGS, Copernicus ak lòt ankò), ki make sou chak paj. Done sa yo rete anba kondisyon pwodiktè yo, lisans CC BY 4.0 a pa ranplase yo. Nenpòt reitilizasyon dwe respekte kondisyon sa yo epi site pwodiktè a.
Estimasyon, pwojeksyon ak senaryo yo make kòm sa, epi yo gen yon maj ensètitid. Repons asistan IA a baze sou done sit la, men yo ka gen erè : verifye yo nan sous yo site a.
Done yo bay jan yo ye a, san garanti yo egzat, konplè oswa disponib. Haiti Stats pa responsab desizyon moun pran sou baz enfòmasyon sa yo.
Ou ka siyale yon erè oswa poze yon kesyon sou yon done nan paj Kontak la.